Wednesday
May302012
Mobilizasyon premye jen kont MINISTA
Wednesday, May 30, 2012 at 11:30AM
Print Article Yo di y ap ede nou, men se nou k ap mete manje nan bouch yo

Vandredi premye jen, nan okazyon 8tan MINISTA nan peyi a, n ap leve kanpe pou n di non kont MINISTA, kont CIRH, kont Bill Clinton, kont FMI ak Bank Mondyal, kont piyaj min lò nou yo, kont enperyalis la ak tout tyoul k ap ede yo piye richès peyi a. Premye jen, 9vè tapan, n ap rasanble sou Fò Nasyonal pou n al bout devan palman an. Nou pral manifeste kont okipasyon, kont dominasyon, kont eksplwatasyon, kont kadejak, epi pou dedomajman viktim kolera yo.
Viv yon AYITI granmoun !
Aba MINISTA KOLERA !
tagged
MINUSTAH
MINUSTAH 

