Sendika anseyan menase fè grèv mwens ke yon mwa avan lekòl la ouvè
Monday, September 10, 2012 at 04:59PM
Print Article
Etant Dupain, Bri Kouri Nouvèl Gaye
Pòtoprens, 10 Septanm 2012: UNNOH (Union National Des Normaliens Haitien) ak kèk òganizasyon popilè, òganize yon manifestasyon nan Pòtoprens pou denonse sitiyasyon pwofesè yo espesyalman nan lekòl piblik yo.
Manifestasyon kite gen anpil revandikasyon tankou: lajan leta dwe pwofesè yo, ogmantasyon salè a 50 000 mil goud ak pi bon kondisyon travay nan lekòl yo.
Sou tout pakou manifestasyon an yo t’ap chante aba 3000 goud salè sa se yon krim sosyal, paske pwofesè pa ka peye kay anpil nan yo ap viv anba tant.
Manifestan yo te pwofite okazyon lanse anpil pawòl piman bouk kont gouvèman an ki pa janm bay yon rapò detaye sou fon nasyonal pou edikasyon (FNE) e ki pa enkli pwofesè ladan kòm pwotagonis.
Pou klotire manifetasyon an Josué Merilien ki se kódonatè UNNOH lanse yon apèl pou otorite yo pran responsablite yo avan lekòl la ouvè pou evite grèv anseyan yo.
Josué lanse yon apèl pou otorite nasyonzini (MINUSTAH) ak leta Ayisyen pran mezi ki nesesè pou mete dlo trete nan lekòl ki pi vilnerab yo pou ede konbat maladi kolera a ansanm ak yon kanpay vaksinasyon.
Pwofesè yo anonse yon mobilizasyon manch long jiskake revandikasyon yo jwenn yon repons, e envite gouvènman pou dyaloge pou rezoud pwoblèm anseyan yo.




Reader Comments