Mouvman Sosyal nan Peyi UNASUR Sipòte Ayisyen nan Demand pou MINUSTAH Ale
Sunday, June 24, 2012 at 08:28AM
Print Article June 13, 2012
(Orijinal an Espanol disponib isit, mèsi Jhonson Mardi pou twadiksyon an Kreyòl)
FAO
Konseye
Minis Defans Eta ki manm UNASUR yo
Sekretè Jeneral UNASUR
Mèsye
N ap felisite Minis Defans ak Gwo Reprezantan relasyon eksteryè Eta ki manm UNASUR yo pou pozisyon yo te pran nan reyinyon ki te fèt nan vil Asuncion, nan lakou Paragwe, jou ki te 5 jen an, sou sitiyasyon peyi d’Ayiti a ki se yon peyi frè. Nou sipòte rekonesans ki eksprime nan Deklarasyon yo a sou enpòtans ki genyen pou ranfòse yon politik ak koperasyon solid, nan non UNASUR, ki "respekte dwa gran moun pèp ayisyen" epi ki ka pèmèt "bon jan amelyorasyon kondisyon lavi moun " ki se baz nesesè pou sekirite ak lapè ki dire lontan.
Nou ankouraje anpil Eta ki manm UNASUR yo pou pran kèk mezi enpòtan ki bay bon jan rezilta nan sans sa a, ki gen ladann retrè prese prese 4.929 sòlda ak polis militè fòs okipasyon an ki soti nan 10 peyi pami 12 Eta ki manm UNSASUR yo; mete you bout ak misyon MINUSTA ak tout lòt prezans militè etranjè pou kaba enpinite ak makman la jistis ki okazyone yon tolerans san bout nan vyolasyon dwa moun ke fòs sa yo poze.
Nan kolaborasyon ak lòt òganizasyon sivil ak mouvman sosyal an Ayiti ke nou pataje analiz ak aktivite sou yon baz pèmanan, nou mande tou louvri yon dyalòg ak patisipasyon sosyete a, an Ayiti kou nan chak Eta ki manm UNASUR yo, nan zafè politik koperasyon ak sipò ke pèp ayisyen an bezwen. Nou reprann, nan sans a, prensip ak demand yo ki te eksprime nan lèt ke nou te voye nan mwa Me 2011 bay gouvènman Eta ki manm UNASUR yo, ak nan mwa Oktòb 2011 bay Nasyon Zini ak OEA, ak sipò plizyè santèn òganizasyon nan rejyon an ak nan mond lan, ke nou kole nan lèt sa a.
Nou pran nòt espesyalman konsènan desizyon ke Minis Defans ak Gwo Reprezantan relasyon eksteryè Eta ki manm UNASUR yo pran nan vil Asuncion pou fòme yon gwoup k ap travay "pou pi byen devlope yon plan sou estrateji, fòm, kondisyon, etap, ak kwonoloji pou etabli yon Plan pou diminye konpozant militè Misyon an. "Nou apresye ke peyi nan rejyon nou an, apre 8 lane nan prezans fòs militè a an Ayiti ki fòme pa pifò nan yo ap finalman rekonèt ke prezans sa a- manda MINUSTAH a li menm, ki baze sou prensip Ipokrit ke "Ayiti se yon menas pou lapè ak sekirite mondyal"- pa ka reyalize rezilta ke pèp ayisyen an bezwen, epi ta dwe kaba.
Pou menm rezon sa yo, sepandan, li inakseptab pou retrè twoup yo kontinye ap ralanti, epi yon lòt kouch konfizyon vin ajoute, ki sèlman sèvi pou degize ak eseye bay rezon desizyon Konsèy Sekirite a te aprouve nan mwa Oktòb 2011 la pou diminye okipasyon militè a nan nivo ke li te ye anvan tranbleman tè a, epi kontinye ankouraje prezans MINUSTAH apre manda li gen kounye a k ap kaba nan mwa oktòb k ap vini an.
Sena ayisyen an te apwouve san manke yo vwa retrè MINUSTAH a lane pase, epi òganizasyon sosyal ak dwa moun ak piblik la an jeneral eksprime rejè yo ak anpil fòs prezans fòs okipasyon an. Li lè, li tan pou Eta ki manb UNASUR yo tande vwa sa yo ak pran responsabilite dèt istorik ak prezan kosènan peyi sa a ak tout pèp li ki se pyonye ak chanpyon nan zafè libète tou pa tou nan rejyon an.
Pandan MINUSTAH ap kontinye okipe Ayiti- ak konsekans vyolasyon dwa moun ki pa janm pini, tankou vyòl sou fanm ak jèn ak entwodiksyon epidemi kolera a ki deja touye plis pase 7,000 moun, epi plis konplike sitiyasyon sante difisil ak sanitasyon ki afekte popilasyon an, plis resous finansyè pase nan sa yo ke sa ki la pou netwaye debri ak reyenstalasyon moun yo ki te afekte nan tranbleman tè a, travay ki ijan yo toujou enkonplè plis pase 2 lane depi trajedi a- pwosesis konkrè okipasyon ak nouvèl kolonizasyon ekonimik ak ekolojik la ap vanse ak yon vitès ki danjere. Pwosesis sa yo gen ladann privatizasyon ak nasyonalizasyon sèvis de baz dwa moun yo tankou telekominikasyo, fè tounen zòn nan peyi a ki pi fètil an zòn pou fè rad, agwokabiran, oswa megabaraj pou fè avanse ekonomi vèt la, ou byen eksplwatasyon min lò a syèl ouvè.
Gouvènman Eta ki manb UNASUR yo pa ta dwe, pa prezans yo ak sipò yo ak MINUSTAH, kontinye sipòte piyaj, eksplwatasyon ak rekolonisation Ayiti. Nou espere pito ke yo pral avanse ak konsolidasyon politik koperasyon ki baze sou dwa fondalnatal popilasyon ayisyèn nan, epi nan fowòm enpòtan miltilateral yo, yo pwal chanpyon nan fè egzijans sa yo:
• Pa renouvle manda MINUSTAH lè li rive nan bout li 15 Oktòb kap vini la;
• Rekonèt fòmèlman responsabilite MINUSTAH nan pote kolera nan peyi, epi bay reparasyon ki koresponn ak moun ansanm ak kominote ki afekte yo;
• Konvèti prese prese pati bidjè ki la pou fonksyonman MINUSTAH a (anviwon 800 milyon dola ameriken chak ane) an envestisman sosyal, san okenn nouvèl dèt, pou finanse rebwazman, bay tout moun aksè a dlo potab ak sanitasyon, epi kreye enstalasyon sante ak edikasyon piblik.
Tanpri aksepte salitasyon nou yo ak renouvèlman angajman nou pou nou avanse men nan men nan direksyon ke nou trase déjà.
Adolfo Pérez Esquivel, Nobel Peace Prize winner and President, Servicio Paz y Justicia
Nora Cortiñas y Mirta Baravalle, Madres de Plaza de Mayo – Founding Line
Amigos de la Tierra de América Latina y el Caribe (ATALC)
Comité por la Anulación de la Deuda del Tercer Mundo – AYNA
Convergencia de Movimientos Populares de la América (COMPA)
Coordinadora Latinoamericana y Caribeña de Organizaciones del Campo (CLOC)
Encuentro Sindical Nuestra América
Jubileo Sur/Américas
Marcha Mundial de las Mujeres – América Latina y el Caribe
School of Américas Watch (SOAW)
Servicio Paz y Justicia en América Latina (SERPAJ)
Via Campesina
ATTAC-Argentina
Central de Trabajadores de la Argentina CTA
Coordinadora de movimientos populares de Argentina (COMPA)
Diálogo 2000 Argentina
Federación Universitaria de La Plata (Argentina)
Frente Popular Darío Santillán FPDS (Argentina)
Movimientos Sociales hacia el ALBA (Capítulo Argentina)
Servicio Paz y Justicia - Argentina
Rede Jubileu Sul Brasil
Políticas Alternativas para el Cono Sur (PACS) Brasil
Central Memorial Martín Luther King, Jr. (Cuba)
Enc.: Letter to UNASUR, May 2011
Open Letter to the UN and OAS, October 2011
From:
Diálogo 2000 - Jubileo Sur/Américas
Piedras 730 (1070) Buenos Aires
Dialogo2000.blogspot.com



Reader Comments