Contents
Photos on Flickr
Let Haiti Live on Twitter
Navigation
« Mobilizasyon premye jen kont MINISTA | Main | Haïti-Solidarité : Série d’actions de mobilisation contre la Minustah, en juin 2012, en Amérique »
Wednesday
May302012

Desalin, prete n kòlè w pou n mete MINISTA deyò

Vandredi premye jen k ap vini la a ap fè 8 lane depi MINISTA ap taye banda nan peyi a. Lè MINISTA te debake, Nasyonzini te di nou fòs sa a la pou li tabli estabilite nan peyi a. yon peyi ki pat janm nan lagè ak okenn peyi sou latè. Anpil moun ki gen enterè nan fòs okipasyon an te vle fè popilasyon an kwè nan pawòl te kowosòl sa a. Men, jan pwovèb la di li, twou manti pa fon. Menm si w abiye yon bourik ak kostim jouk ou fè l sanble ak moun, kou l midi, l ap ranni, l ap ponpe kanmenm pou fè tout moun konnen se bourik li ye.

Konsa, sa pat pran tan pou MINISTA demaske pwòp tèt li, jouk menm moun ki t ap defann li yo te oblije rekonèt nou anba yon fòs okipasyon. Premye jen 2004, premye jen 2012 fè 8 lane depi MINISTA ap kraze brize nan peyi a. Pandan 8 lane sa a, li difisil pou yon moun kalkile kantite zak MINISTA komèt nan peyi a. Menm sèten otorite nan peyi a (tankou polisye ak palmantè), viktim anba zak sòlda MINISTA yo. Akote zak represyon, kadejak sou tifi ak tigason, kabrit peyizan yo vòlè, enplikasyon sòlda MINISTA nan touye moun, nan kòripsyon, nan trafik dwòg, fòs okipasyon Nasyonzini an pote nan peyi a yon epidemi kolera ki deja touye plis pase 7 mil moun epi voye plis pase 500 mil lòt al kouche sou kabann lopital. Se yon veritab katastwòf, krim kont limanite, sòlda Nasyonzini yo komèt nan peyi a. Krim sa yo paka rete san pinisyon pou krimnèl yo ak reparasyon pou viktim yo.

Se nan kad sa a, divès òganizasyon politik, sendikal ak popilè nan divès peyi sou latè ap òganize yon seri mobilizasyon pou di non kont MINISTA, kont CIRH, kont Bill Clinton, kont FMI ak Bank Mondyal, kont piyaj min lò nou yo, kont enperyalis la ak tout tyoul k ap ede yo piye richès peyi a. Mobilizasyon sa yo ap fèt nan peyi Brezil, Etazini, Meksik, Irigwe, Pewou, Bolivi, Ekwatè, Lafrans ak nan divès peyi nan karayib la tankou : Matinik, Gwadloup, Trinidad,  Ladominik, Sentlisi elt. Nan peyi Dayiti, mobilizasyon sa yo ap fèt sou tèm « Desalin, prete n kòlè w pou n mete MINISTA deyò ».

Anba tèm sa a, n ap òganize divès aktivite tankou :

-       Ekspozisyon foto ak lòt dokiman sou MINISTA

-       Konferans deba

-       Manifestasyon nan jounen premye jen an

Vandredi 1e jen, vè 9vè nan maten, n ap rasanble sou Fò Nasyonal pou n al bout devan palman an. Nou pral manifeste kont okipasyon, kont dominasyon, kont eksplwatasyon, kont kadejak, epi pou dedomajman viktim kolera yo. Tout pitit Desalin, Chalmay Peral, Benwa Batravil, tout moun ki kwè nan dwa granmoun peyi a zansèt nou yo te mouri kite pou nou an, ouvriye, peyizan, ti machann, chomè, anplwaye revoke, pwofesè, etidyan, elèv lekòl, fanm ak gason vanyan nan katye popilè yo, ann pote kole nan manifestasyon vandredi premye jen an. Randevou 9vè tapan, Fò Nasyonal, n ap desann channmas pou n al bout devan palman an, kote palmantè machann vòt yo ap konplote ak pouvwa egzekitif la sou do pèp la.  

Aba okipasyon / Aba CIRH / Aba Bill Clinton !

Aba machann peyi !

Viv lit pèp la ! Viv yon Ayiti Granmoun !

 

Moun ki siyen se:

 

 

 

Guy NUMA                               Oxygène David

KOLEKTIF MOBILIZASYON POU DEDOMAJE VIKTIM KOLERA YO[1], Asosyasyon Kominikatè ak Kominikatèz Popilè (AKP)

Tels : 3407-0761/ 3840-9034

Email : komodevik@yahoo.fr

 


[1] Batay Ouvriye, Tèt Kole òganizasyon Popilè yo, MODEP, UNNOH, Sèk Granmsci, DOP, ACREF, Bri Kouri Nouvèl Gaye, Chandèl, MOLEGAF, GREPS, AVS.

Reader Comments

There are no comments for this journal entry. To create a new comment, use the form below.

PostPost a New Comment

Enter your information below to add a new comment.

My response is on my own website »
Author Email (optional):
Author URL (optional):
Post:
 
Some HTML allowed: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <code> <em> <i> <strike> <strong>