deklarasyon pou laprès KONAMAVID, òganizasyon viktim Koudeta militè nan 1991
Friday, September 30, 2011 at 08:55AM
Print Article 30 septanm1991, 30 Septanm 2011 sa fѐ 20 lane depi yon pakѐt atoufѐ san fwa ni lwa te touye mari nou pitit nou , kouche nou epi fѐ pitit nou kouche nou poutѐt nou pat dakò ak koudeta a.
Eske pa dakò ak koudeta 30 Septanm 91 lan se yon krim oubyen yon peche mòtѐl ?
Nou menm fanm KONAMAVID, revandikasyon nou depi 20 lane se jistis ak reparasyon.
Eske nou jwenn jistis ak reparasyon ? Non
Ki lѐ, ki jou nap rive jwenn jistis ak reparasyon vre. ѐske se Bondye kap repare nou ou byen kap fѐ nou jwenn jistis nap chѐche a. Kòm nou konnen jistis Bondye se kabwѐt bѐf, yon jou nap jwenn jistis la kanmѐm.
Ekip ki te fѐ koudeta 91 lan ki te touye 5000 moun nan ki rezilta yo tap tann ?Ekip ki te fѐ 29 Fevriye 2004 la ki te touye plizyѐ milye moun nan,ki rezilta yo tap tann ? Se retounen ak makout ki te touye nou yo ! Se vini ak minista kolera kadejakѐ pou nou. San nou pa bliye prezidan fondasyon an Lovensky Pierre Antoine ke nou pa wѐ jis jounen jodi a nou poko janm jwenn li. Ansanm ak anpil lòt moun nan katye popilѐ yo tankou : Bѐlѐ, Site Solѐy,Solino, matisan,elatriye
Nou menm fanm KONAMAVID ak fanm lòt òganizasyon yo apre kriminѐl yo te fin boule kay nou ,detwi jaden nou jiska prezan pitit nou pa ka ale lekòl, nap dòmi nan lari , nap mande mande .Men sѐl garanti nou genyen lidѐ nou tap akonpaye a, e nap kontinye batay ak li jodi a ki te pase 7 lane an egzil, li retounen e nou konnen avѐk Prezans Doktѐ Jean Bertrand Aristide nou espere nap jwenn jistis ak reparasyon.
Nou menm Fanm KONAMAVID ak tout lòt fanm viktim yo jounen jodi a, nou sѐmante 7 fwa 77 fwa nou pa dakò e nou pap janm dakò pou makout retounen sou pouvwa ankò. fòk kriminѐl yo jije epi ban nou reparasyon.
Nou menm fanm viktim yo ki sa nou mande !!!!!!!
Jistis !!!!!!!
Reparasyon pou fanm yo !!!
Viv lit fanm yo
Rѐv fanm yo paka mouri fòk nou kontiye lit la jiskaske nou jwenn viktwa final la



Reader Comments