Saturday
Jun042011
Nouvo Menas Ekpilsyon Aprè Yon Mò nan Kan Deplase Pòtoprens
Saturday, June 4, 2011 at 10:04AM
Print Article
By: Etant Dupain, Bri Kouri Nouvèl Gaye
Kan Orphe Shadda ap sibi menas ekspilsyon depi jiyè 2010. Kan Shadda trouve li nan Delma 1 anfas Delma 6 sou kote mezon Toyota HINOTO S.A, se yon kan kote 200 fanmi ap viv depi 12 Janvye. Viktim yo abite nan kan resevwa vizit chak jou kote moun ki di li se mèt tè a Jean Mark Saliba ki se youn nan mèt HINOTO S.A.
Nan rankont mwen ak moun k’ap viv nan kan yo, yo eksplike “Nou vle ale kite tè a paske se pa la nou te rete avan 12 janvye, nou sèlman vle yon lòt espas pou yo ale paske nou pa gen okenn kote pou ale”.
Prezidan komite kan an Terrier Merion eksplike kijan sekirite HINOTO S.A toujou ap vin bay viktim 12 Janvye yo presyon sou tè pou fòse yo ale, men yo toujou diskite ak yo epi pa kite yo mete yo deyò nenpòt fason sou tè a.
Jou ki te 12 Me 2011 la yon mesye ki se reprezante mèt tè a e li se chèf sekirite HINOTO S.A ki rele Rosevelt Cheri debake ak 4 ajan sekirite ki te pote inifòm HINOTO S.A vini ak kadna epi chèn pou fèmen sèl baryè kan pou anpeche deplase yo antre ak soti. Li te 8è nan maten lè reprezantan Jean Mark Saliba di yo te rive nan kan an kote moun yo te kòmanse reziste. Youn nan ajan sekireti HINOTO S.A yo te frape Thelucia Ciffrin nan tèt. Thelucia te yon fanm 51 lane ki gen 3 pitit. Lè yo te frape Thelucia, li tonbe menm kote a epi li rann san epi li mouri aprè kèk minit pandan yo te mennen li lopital.
Moun kan yo ki te fache anpil te rive kenbe twa nan ajan sekirite HINOTO S.A. ki te akonpanye Rosevelt Cherie reprezantan Jean Mark Saliba. Yo te remèt yo bay lapolis ki te vin rive jiskaprè sa lakoz Rosevelt Cherie sove epi mawon aprè krim nan.
Aprè twa jou lè Walies Jean Baptiste, mari Thelucia Cissren, te ale pote plent lajistis pou mande jistis pou madanm li, ajan sekirite yo te gen tan jwenn liberasyon. Yo te retounen nan travay yo avan menm antèman Thelucia te fèt.
Walies Jean Baptiste eksplike, “Mwen santi mwen imilye nan pwòp peyi’m pou mwen deja viktim yon katastwòf natirèl. Epi kounye a pou’m ap kontinye viktim enjistis anba men mèt tè ak leta ayisyen ki pa respekte dwa moun deplase.”
Walies Jean Baptiste ak twa pitit li yo akonpanye plizyè santèn lòt moun nan kan an òganize yon sitin devan HINOTO S.A. Yo te pwoteste ak degaje jan yo fristre pou wè menm kriminèl ki touye moun nan kan an lib ap travay. Kòm rekonpans pou manifestasyon yo te fè, Jean Mark Saliba ki se youn nan mèt HINOTO S.A, e ki di li se mèt tè kote viktim yo ap viv, te debake nan kan an anba lapli jounen 3 Jen an. Akonpanye avèk lapolis, reprezantan pakè Pòtoprens, ak 2 jij de pè, li bay moun yo 8 jou pou yo kite tè a san moun yo pa konn ki kote pou yo ale.
Walies Jean Baptiste ap mande jistis ak reparasyon pou madanm li ki mouri anba kou sekirite HINOTO S.A jou 12 me 2011. Li mande leta ayisyen ba yo yon lòt kote pou ale pou pa kontinye viktim anba men Jean Mark Saliba ki pwomèt moun lap mete yo deyò pa nenpòt mwayen.
Pou tout kontak nan Kan Orphe Shadda rele Walies Jean Baptiste nan +509-3667-6348 ak Terrier Merion nan +509-3774-0269 ki se prezidan kan an.

Reader Comments