Contents
Photos on Flickr
Let Haiti Live on Twitter
Navigation
« Ayiti se yon kan pou Brezil antrene solda li yo | Main | MODEP, AKP, BKNG, Sèk Gramsci, UNNOH, AVS, Chandèl Deklarasyon Premye Me 2011 »
Thursday
May052011

Lapli Pral Kontinye Tonbe

5 Me 2011—TransAfrica Forum gen gwo kè sote sou kondisyon moun ki te ki te chape apre pasaj tranbleman de tè 12 janvye 2010 a. sezon lapli pral komanse. Plis pase 700,000 moun toujou rete nan anba tant kan depi tranbleman detè Janviye 2010. Anplis plizyè santèn  milyè moun ap viv nan kan ke pa rekonèt leta pa menm konn egzistans yo, gen moun ki rete nan kay fisire, gen lòt kap dòmi devan galri kay moun. Anpil moun toujou ap viv anba prela chire ki te distribiye nan mwa apre tranbleman 15 mwa apre, van, lapli ak solèy fin chire prela sa. Pou moun ki te pèdi kay yo nan tranbleman detè, pwoblèm kay se pi gwo pwoblèm, men chak jou se yon kaskèt chinwa pou jwen dlo ak sèvis sanitasyon.

Nan fen mwa Avril ki sot pase la, gen gwo van ak lapli ki te soufle sou Ayiti – men sa te konfìme ke kondisyon kote moun ap viv pa gen sekirite. Rapò ofisyel di plis de 5,000 tant te detwi pandan move tan sa, men tant se sèl opsyon majorite moun ki pa gen kay pou yo rete genyen. An plis, yo rapòte ke anpil abri te detwi epi nan kèk kote moun nan kan te oblije kite espas la. Yon kan te inonde net, epi tout tant ak posesyon moun te pèdi.

Biwo pou Kowòdinasyon Zafè Imanitè pou Nasyon Uni (UN OCHA) depanse sèlman 19% nan demand pou resous li nan sèvis dlo, sanitasyon ak sante (WASH) te resevwa fon tou. Nan menm tan, pa gen anpil bon abri ki te konstwi. Gwoup travay (cluster) pou abri di jiska Mas 2011, selman 56,000 kay tranzisyonel avek 1,900 kay permenan te gen tan konstwi. Pandan denyè twa mwa, nou we plis abri tranzisyonel ap fet, men OCHA di selman 8% nan $92 milyon dola Ameriken Ayiti bezwen pou abri avek lot bagay ki pa manje te resevwa finansman.

Gwo majorite nan Ayisyen ki te pèdi kay yo nan tranbleman detè pa gen okenn pwoteksyon jiskaprezan. Yo lage sou kont Bondye nan sezon lapli a.

Nan menm kondisyon – san dlo, santiasyon ou byen kay – Ayiti pral rantre nan sezon siklon tou. Prela plastik, vye tant ak moso dra ki ki sèvi kay pou plizyè sentèn de milyè moun pa kapab kanpe devan gwo van ak lapli. Ekspè nan sante gen gwo ke sote pou sitiasyon kolera. Ak anpil lapli nap pral gen yon omantasyon nan kntite moun ki pral trape kolera a, yo prevwa ke sa ka yon lòt gwo katastwòf ankò.

Depi premyè ka kolera nan Oktob 2010, Ministè de Sante Piblik di Ayiti te genyen 274,418 ka kolera avek 4,787 moun ki mouri. Pandan sezon lapli le Ayiti pral gen ma dlo nan tout zon, sèvis pou bay dlo avek sanitasyon nan kan yo ap sispann, epi fon pou sant pou tretman kolera ap fini tou. Fòk resous yo disponsib pou moun ki viv nan kan ou byen pre kan yo imediatman. Pou vrèman reponn pwoblem kolera nan long-tèm, fòk nou devlope infrastrikti fondamantal tankou sistem pou filtre dlo ak sistèm sanitasyon pèmanan.

Reader Comments (1)

[...] Read this press release in Creole. [...]

PostPost a New Comment

Enter your information below to add a new comment.

My response is on my own website »
Author Email (optional):
Author URL (optional):
Post:
 
Some HTML allowed: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <code> <em> <i> <strike> <strong>