Search

Donate Now

Contents
Photos on Flickr
Let Haiti Live on Twitter
Navigation
« Chante kont MINUSTAH | Main | Viktim Kolera ap pouswiv Nasyonzini nan lajistis, pou yo ka jwenn Jistis »
Saturday
Dec102011

Sou Jou Entènasyonal pou Dwa Moun Ayisyen Mande Nasyon Uni pou Jistis

By Etant Dupain

Ayisyen selebre  jounen entènasyonal dwa moun mande nasyonzini jistis ak reparasyon pou kolera.

Plis pase 1500 viktim kolera manifeste  nan St Marc devan baz Minustah nan katye Pivert nan okazyon jounen entènasyonal dwa moun.

Yon manifestasyon kite gen an majorite sivivan kolera k moun kip èdi fanmi yon an kolera, majorite nan yo fè pati 5000 viktim ki pote plent kont minusstah 3 novan pase a.

 Senk semen aprè viktim kolera pote plent pou mande jistis ak reparasyon yo deklare yon mobilizasyon nasyonal pou fòse nasyonzini pran responsablite pou kolera ki deja touye plis pase 6500 moun e enfekte plis pase 500 000. 

Òganizasyon kap defanm dwa moun, kolektif pou dedomaje viktim kolera yo denonse kijan nasyonzini depanse mwens pase 2% nan bidjè yo pou ede viktim kolera yo, pandan se Minustah tout evidans montre ki pote maladi a nan pei a 

Jocelyne Pierre kite pote yon pankad ki di “ Ayisyen gen dwa tou” deklare misyon nasyonyon wonte misyon nasyonzini a, misyon an fè peyi a plis mal pase byen.

Plizyè dizèn viktim pataje ekperyans yo pandan manifestasyon an kijan yo te pran maladi e kijan lavi yo vin chanje aprè, anpil viktin eksprime fristrasyon yo  kont prezans solda yo epi mande jistis ak reparasyon pou tout viktim kolera yo jan sa ekri nan prensip entèn nasyonzini ke Ayiti se yon manb.

Yves Pierre Louis ki se yon militan ki tap patisipe nan manifestasyon an deklare se yon kontrakdiksyon nasyonzini ap selebre jounen entènasyonal dwa moun, pandan se yon menm ki plis vyole dwa moun an Ayiti. 

Prèske 14 mwa depi kolera kòmanse nan peyi a, nasyonzini refize aksepte tout evidans ekspè ki pwouve klè se yo menm ki pote maladi a an Ayiti, pandan manifestan yo kase randevou semen pwochèn pou lòt manifestasyon nan lòt zòn nan peyi a.

 

 

 

Reader Comments

There are no comments for this journal entry. To create a new comment, use the form below.

PostPost a New Comment

Enter your information below to add a new comment.

My response is on my own website »
Author Email (optional):
Author URL (optional):
Post:
 
Some HTML allowed: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <code> <em> <i> <strike> <strong>