Contents
Photos on Flickr
Let Haiti Live on Twitter
Navigation
« Abri pwovizwa oubyen pèmanan? | Main | Enpak ONG sou Kondisyon ak Enfrastrikti Sivik nan Kan Yo »
Wednesday
Aug112010

Ayiti…Pokè politik elektoral.  


Ayiti…pokè politik electoral; diktati kominote entènasyonal, depandans leta, pèp la sèl pèdan.

Demokrasi ak libète, se pawòl ki pi itilize nan gramè maryaj politik diktatoryal boujwa ak politisyen peyi dayiti, makonnen ak trinite kominote entènasyonal sa a, kap souse pèp la depi ane 1900 yo.

´´ Fòk nou fè eleksyon demokratik, lib, onèt epi patisipatif.´´ Sa a, Se vèsè, ke tout dirijan politik ak akolit kominote entènasyonal yo pi byen memorize nan Bib dominasyon politik la, pou kokobe tout kominote pou pa pran konsyans de eta machin politik nan peyi yo. Men, nan peyi pa nou, kote tout pati politik, tout dirijan ak politisyen sòti nan yon sèl jenerasyon moun koronpi epi robotize nan nanm ak lespri, pa sispann chante lamès eleksyon, kote, se yo menm sèlman ak yon ti Group tilolit ki gen dwa pran lakominyon, Epi chante libera lamizè pèp la, ki pa sispann monte kalvè pwoblèm politik-sosyal-ekonomik ak kiltirèl ak bòt rezinyasyon.

Se vre, ke ``vote`` se yon dwa politik ke tout pèp genyen. E se mwayen tou, pou chanjepolitik sitiyasyon sosyal, politik ak ekonomik, tout pèp ki bouke ak yon vye metód, pou kreye lót altènatif nan chwazi dirijan ki pou reprezante yo, ak bon pwojè devlopman sosyal. epi fè respekte souverènte peyi a, konstitisyon peyi a ak dwa tout pitit peyi a san fòs kote.

Konsa tou, Eleksyon se za’m batay tout pèp vanyan kap chache liberasyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirel pou sòti anba depandans ideyolojik klas kap domine yo. Menm lè ke, nan kèk peyi vwazen tankou : Meksik, kolonmbi, menm jan ak peyi pan ou, se pa toujou desizyon pèp la ki respekte nan eleksyon yo, ak desizyon dirijan yo adopte lè yo fin eli.

Men, eske vote nan eleksyon se sèl dwa ak libète pèp genyen?

Nan jwèt aza, pokè eletoral endividyalis sa a. Li enpòtan pou’n konprann ke, eleksyon pa dwe rezime nou Sèlman tankou yon machin elektoral, nan al vote Baton gayak ki pou bat dèyè nou aprè, nan vann peyi, ak nan privatize sèvis leta yo ki se pa nou. Se vre ke nan moman sa a, tout diskou pral baze sou: agrikilti, edikasyon, sante elatriye. `` eske se vre pral gen chanjman ?``

eleksyon, se yon preparasyon kolektif, ki baze sou demokrasi ak libète sosyal, pou byen konprann ideyoloji politik kandida yo, pou yo menm tou, ka konnen vrè sous pwoblèm yo, epi ansanm poun analize yo, epi jwenn solisyon pou rezoud pwoblèm ki pi enpotan yo.

Sa ki pral kreye yon lòt klima nan relasyon sosyal yo, ki pral retire pèp la tou nan eta objè elektoral li ye, pou fè yo konnen ke moun ak palto, kòl nan kou anba gwo solèy midi ak 3 zè, ak lòt ki mete soutàsn, pa vle di moun serye, men pito, vòlè ak atoufè, ki donk, yo tout se karaklou menm lè li pa make nan figi pèsonn.

Eske voye ale a se solisyon pwoblèm nou yo? Eske aprè 2004 pwoblèm te solisyone.

Nou dwe kase chenn alyenasyon ideyoloji kiltirel sa a, kap kokoratize’n depi le tikonmkonm t’ap goumen ak berejèn. Konsa eleksyon nan peyi’n a sispann tounen biznis aza kat mare sou tab electoral, pèp la sel pèdan kominote entènasyonal sèl ganyan.




Reader Comments

There are no comments for this journal entry. To create a new comment, use the form below.

PostPost a New Comment

Enter your information below to add a new comment.

My response is on my own website »
Author Email (optional):
Author URL (optional):
Post:
 
Some HTML allowed: <a href="" title=""> <abbr title=""> <acronym title=""> <b> <blockquote cite=""> <code> <em> <i> <strike> <strong>