Wednesday
Jul212010
ONG kraze lamanjay ayisyen
Wednesday, July 21, 2010 at 11:35PM
Print Article
ONG: òganizasyon ki pa nan gouvènman .Se òganizasyon ki vle travay pou kominote epi apiye gouvènman,oubyen ki vle fè lòt travay sou kote paske gouvènman pa gen kapasite oubyen gen lòt pwoblem tankou: koripsyon, finans, pwofesyonèl …..
Se pa konpetisyon men se pito ranfòsman epi ak kapasitasyon.
Hmmmmm…. Men nan peyi pa nou, Ayiti ,pa gen okenn rapò,ant definisyon misyon yo,ak aksyon yo, pou nou pa di nan nouvo faz neoliberal la defisyon ONG ak objektif yo chanje radikalman.
ONG se pi gwo biznis ki egziste an Ayiti, e se sèl kote lè ou fè kòb oubyen (Vòlò),pa gen moun ki ap vin mande ou kont ni yo pa gen dwa pou sa tou.
Gen plis ONG pase manje nan peyi a, e yo tout jwenn lajan pou fonksyone nòmalman san okenn kontwòl sou aktivite yo ap Mennen.
ONG an Ayiti se kote ti blan vin fè eksperyans, se dedwane tankou se aransò yon banm moun ki pa menm fini lekòl yo kèk fwa epi ba yo non ekspè pou vin fè gwo lajan pandan inivèsitè ayisyen ki gen bon bèt sou yo pa ka jwenn sipò pou remèt memwa.
Sa vle di nenpòt valpa san fwa ni lwa, kapab pote non ekspè an Ayiti depi se yon zanmi oubyen fanmi ki rele li vin fè yon travay pou yon ONG.
NOU PA DI PA GEN DWA GEN BON MOUN KI VIN TRAVAY TOUT BON, SELMAN, NOU PRAN NAN TWOP CHAT NAN SAK.
Nou vle site kèk karaktè ONG isit nan peyi nou:
Pwopyetè majorite machin nan peyi a.
Yo pa peye okenn taks.
Aksè lib pou fonksyone san kontwòl lapolis.
benefisye Laprès jako pye vèt pou piblisite.
Resevwa gwo lajan pou fè pwojè.
Pa bay rapò ak okenn otorite lokal oubyen kominotè.
Konsome majorite gaz nan peyi a.
Sa yo se kèk privilèj ak karakteritik ONG an Ayiti, men sa pa vle di pou sa gen yon bagay serye yo ap regle.
Men poukisa pa janm gen amelyorasyon pandan gen gwo lajan ONG resevwa pou fè pwojè?
ONG a se yon zam neoliberal pou kontwole yon peyi, se kreye depandans ak karans pou yo menm ka toutjou gen plas yo pou kontwole.
Papa ONG rele USAID, se li menm ki se reprezantan metwopòl etazini ki pèmèt li kontwole tout ONG epi manipile gouvènman.
USAID se gouvènman ameriken an an pèsòn, sa vle di politik entènasyonal ameriken, yo rele sa èd men vrè misyon li pa gen anyen pou wè avèk èd.
Eske ou te konnen ke se USAID ki te finansye eliminasyon kochon kreyòl yo?
Epi aprè sa ,yo fè yon maskarad finansman pou achte kochon ki soti nan peyi yo ankò se sa ki èd pou USAID, se yon egzèsis fasil pou konprann…..
Kraze bagay moun epi fè ou depann de yo menm, se sa ki èd pou yo, paske objektif la se pou etazini kontinye kòm nouvo lidè ENPERYAL.
Fè yon ti eseye reponn keksyon sa yo ou menm:
Si gen yon bon politik nasyonal pou mete kanpe sant akèy pou serevwa timoun ki pa gen paran ki enpòtans UNICEF?
Si gen yon agrikilti kote gen manje nasyonal pou tout moun manje menmjan sa te ye ,avan etazini te kraze pwodiksyon nasyonal nou an, ki enpòtans PAM ak FAO t’ ap genyen?
Si te gen èd pou bay fòmasyon pou mete yon fòs piblik kanpe ki enpòtans NIMUSTAH t’ap genyen? Sa a plis pase yon ONG.
Si te gen èd pou konstwi bon lopital, ki enpòtans LAKWA WOUJ t’ap genyen?
Tout ONG sa yo se etranje ki ap dirije yo, e kantite kòb ki depanse nan salè ak lojistik toujou plis pase kantite kòb ki depanse nan pwojè koninotè yo.
Epi se sa ki pi gwo mistè a, chak fwa yo di gen yon èd pou yon pwojè li toujou akonpanye de kèk swadizan ekspè etranje ki vin pran lajan an pou retounen kote li soti a ankò.
Se sa nou rele yon blanchisman makiye, si yon etranje vini pou yon misyon epi li touche gwo lajan si li ap tounen nan peyi’ l paske kèk fwa yo rete nèt, paske kòb yo fè isit san fè gwo klas yo pa ka fè menm kantite nan peyi yo.
Se nan gwo bank etranje lajan yo ale sa vle di lajan retounen kay peyi ki te di li te bay yon èd la.
Anpil moun pèdi lòlòj yo nan koze ONG sa a ,genyen se gwo lajan yo resevwa, genyen tou se inosan. Paske ONG a toujou vini ak drapo èd epi gen anpil nesesite, sa ki lakoz li fasil pou nenpòt ti kamoken etranje ka vin pase pèp ayisyen nan tenten epi rich.
Ki kote ONG te fè devlopman deja pou se li menm komite entènasyonal la pwopoze kòm premye responsab pou rekonstriksyon peyi nou an?
Rezon an senp se pou Kob yo di ki èd la retounen lakay yo paske swadizan ekspè yo voye yo pa dòmi ni sou tè se sou lanmè nan bèl bato ak nan LOVE BASE (baz ministah) kote ki gen bon friz.
ONG PA JANM PLANTE MEN SE YO KI TOUJOU REKOLTE.
ONG PAT METE, MEN SE YO KI TOUJOU SEPARE.
ONG TOUJOU FATIGE, SE POU SA GEN GWO BATO POU REPOZE.
ONG PA JANM RESPEKTE NI REPARE
ONG SE KRAZE BRIZE SAN PALE.

Reader Comments