Wednesday
Nov102010
Kolera kòmanse leve plim sou do sitwayen yo
Wednesday, November 10, 2010 at 04:07PM
Print Article
Premye manifestasyon nan pòtoprens kote manifestan yo akize minista kòm responsab epidemi kolera a, plizyè santèn anplwye revoke ak lòt òganizasyon sosyal mande leta ayisyen pou peye yo lajan yo dwe yo epi pou minista kite peyi paske aprè touye moun ak zam yo pote kolera pou vin detwi popilasyon an. Manifestan yo kite fache kont prezidan Preval chire anpil postè kandida INITE a Jude Celestin epi di yo pap al nan eleksyon anba tant. Manifestan yo mande leta yon ankèt endepandan pou fè limyè sou sous epidemi kolera a ki touye plis pase 650 moun e mete kouche prèske 10 mil sou kabann lopital.



Reader Comments