Saturday
Oct232010
Edikasyon Popilè ak Ijan sou Kolera
Saturday, October 23, 2010 at 05:49PM
Print Article
Bri Kouri Nouvèl Gaye, International Action Ties (IAT) ak Let Haiti Live ap delivre mesaj sou prevansyon pou sansiblize moun pa pran kolera, twa jou aprè pa gen otorite ki pran responsablite yo e pou fè yon kanpay pou tout konnen kijan pou pwoteje tèt yo kont kolera. Nan de jou nou distribiye mesaj ekri ak vokal nan plis pase 30 gwo kan ak zòn defavorize pou sansiblize plis moun. Si nou tann pou pita li pral pi grav se devwa tout sitwayen ak zanmi pèp ayisyen an pou mete men ansanm pou konbat epidemi kolera. Si n’ap tann se leta ak Gwo ONG ki bezwen lajan sou viktim yo pou vin rezoud pwoblèm kolera a, l’ap twò ta. Anpil lajan kontinye ap depanse nan kanpay elektoral epi moun ap pran swen a tè nan lopital sen Nikola nan senmak. Nan maket tout ONG ap achte tout sa yo bezwen pou fè prevansyon men viktim anba tant yo pa konn sa pou yo fè. Gen ka yo déjà dekouvri nan pòtoprens, lafito nan kan acra nan dèlma 32. Sa vle di sitiyasyon an ap vin pi grav chak jou.
N’ap lanse yo apèl pou tout sitwayen mete men ansanm pou sove lavi tout moun ki an danje, epi fè solidarite youn ak lòt.
Pou sipòte nou, vizite paj sa: http://bit.ly/bjTCjO
N’ap lanse yo apèl pou tout sitwayen mete men ansanm pou sove lavi tout moun ki an danje, epi fè solidarite youn ak lòt.
Pou sipòte nou, vizite paj sa: http://bit.ly/bjTCjO
in
Nouvel
Nouvel 


Reader Comments (1)
[...] Brikourinouvelgaye [...]