Contents
Photos on Flickr
Let Haiti Live on Twitter
Navigation
Wednesday
Jul162014

Komemorasyon 28 èm Anivèsè Masak Jean Rabèl Pandan Peyizan Toujou Anba Presyon Grandon

Ofisyel lokal nan JanRabèl, Canton Albert

Etant Dupain, Bri Kouri Nouvèl Gaye, @BriKouri

JanRabèl, Ayiti: Retou kèk grandon nan Jean rabèl panike anpil peyizan ak otorite lokal yo. 23 Jiyè 1987 plis 139 ti Peyizan pèdi lavi yo nan yon masak nan plizyè lokalite nan Jean Rabèl.

Nan moman Fanmi ak òganizasyon Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen ap prepare pou komemore memwa viktim yo, presyon an retounen ankò sou do peyizan yo.

Aparisyon Joseph Duchamps Lucas Alias Pinga, nan dezyèm seksyon Ginode kreye panik nan mitan ti peyizan yo, Mesye Lucas fanmi Stanley Lucas bon zanmi Prezidan Martelly kòmanse okipe yon seri tè piblik kote anpil peyizan ap viv ak travay.

Daprè kòdonatè Kazèk dezyèm sikonskripsyon Ginode a Canton Albert, mesye Lucas di li achte tè yo men tè yo men tè yo se tè leta yo ye. Gen peyizan ki gen plizyè dizèn ane ap vive pi travay sou tè sa yo.

“ Duchamps Lucas gen akwentans ak otorite lokal  konwonpi k’ap ede’l fè fo papye tè nan komin nan, nou menm peyizan yo nou vrèman konsène pa sitiyasyon sa paske nan menm mwa n’ap komemore viktim masak grandon sou ti peyizan nan  Jean Rabèl, pou menm moun sa yo rekòmanse ak menm pratik kite lakoz masak la. M’ap anonse ke peyizan yo pap rete gade sitiyasyon an san defann tèt yo. Nenpòt sa ki pral pase a se pa sèl nou menm ti peyizan k’ap viktim.”

Nan ane 80 yo plizyè milye ti peyizan kite kòmanse yon mouvman pou mande leta aksè ak tè pou travay anvayi anpil teren piblik ki te vid an majorite. Tè  sa yo te vin sèvi peyizan yo sous revni pou fanmi yo ak kominote yo.

Nan kòmansman ane 1987 qwo konfwonstayon te kòmanse ant grandon kite byen konekte nan pouvwa militè nan epòk  la te kòmanse reklame tè peyizan yo te okipe yo. Yon sitiyasyon ki abouti ak masak ti peyian Jean Rabèl youn nan pi gwo trajedi peyi a konnen diran 50 dènye ane yo.

Kazèk Canton akize Duchamps Lucas kòmkwa li ta patisipe nan kraze radyo Flambo 2000 aprè radyo sa a te bay plizyè peyizan lapawòl pou denonse agresyon y’ap sibi anba grandon espesyalman fanmi Lucas.

Malgre mwen te kontakte mesye Duchamps lakay li pandan 2 fwa pou pale ak li sou akizasyon Kazèk Caton yo, li pat enterese resevwa’m pou reponn kèk kesyon.

Kazèk Canton konsidere pwovwa Martelly ak Laurent Lamothe la kòm yon pouvwa k’ap defann enterè grandon se sa ki lakoz fasilman grandon yo retounen pou pran tè ki nan men ti peyizan yo.

Nou te kontake Mesyè Lucas 2 fwa pou mande li pou bay komantè pou atik sa men li te refize.

Monday
Jul142014

Gwo Pwoblèm Dlo Nan Yon Zòn Sou Menas Lafen

Kiltavtè yo, Òganizasyon Kominotè ak Ofisyel Lokal Mande Leta Ayisyen pou Bati Sistèm Irigasyon Pito Pase Solisyon ki pa Dirab tankou Distribisyon Manje

JanRabèl, Ayiti: Rose Guerdite Renouvil ap pran premye repa li bò 11è nan maten, li posib pou se sèl repa sa li ap pran pou tout jounen an si mari li pa rantre ak kichòy  nan kay la pita. 21 ane manman 4 timoun kap viv nan Twazyèm sekyon vensan Komin Jean Rabèl  zòn wouj sa vle di ki sou gwo menas grangou.

Avèk yon timoun 2 mwa, Dalanca Papoluloute fizikman pa yon timoun ki an sante, pwoblèm dlo potab, chalè anba yon mòn debwaze yon fanmi 6 moun ap viv nan 2 ti chanm kay kouvri ak pay.

Rose Guerdite rete nan kay pou okipe timoun yo pandan rès responsablite yo  repoze sou mari li Exan Papouloute ki pap travay e ki pa ka plante akòz sechrès.

“Sa mwen ap manje la a se yon moun ki fè’m kado’l, lite gen chans jwenn yon ti manje nan koupon ONG ap bay nan distribisyon epi li separe avè’m. mwen pa gen okenn espwa si mari mwen pa rantre ak yon bagay nan kay la, se mizè k’ap fini ak nou nan Jean Rabèl.”

Jean Rabèl youn nan pi gwo komin depatman nòdwès la se ONG an majorite ki ede popilasyon an ak yon koupon pou achte manje enpòte. Yon kalite pwogram ki kreye plis depandans paske youn nan solisyon dirab pou rezoud pwoblèm grangou a daprè peyizan yo se pou ta  gen envestiman nan irigasyon pou fasilite pwodiksyon nan zòn nan.

Pwa, mayi ak bannann se 3 prensipal pwodiksyon zòn nan , men ki paka rezoud pwoblèm grangou nan depatman akoz pagen envestiman pou  kiltivatè yo ka pwodwi nan bon kondisyon.

Sebien Filibert se yon kiltivatè, 55 ane papa 10 timoun nan twazyèm seksyon Vensan rive sou dèt limit li, li dwe 2 machann li abitye achte manje  kredi nan men yo  1000 goud. Anba yon solèy cho Filibert ap plante yon ti pwa nan yon tè chèch pandan li konnen pa gen twòp  chans pou solèy pa boule pwa a paske se sèlman yon bon kantite lapli ki kapab fèl sove yon ti rekòt.

“M’ vin travay maten an san bwè yon ti kafe, mwen pa gen yon goud e mwen dwe tout moun mwen abitye achte manje nan men yo, mwen wont pou mande yo ankò mwen se yon granmoun mpaka toutan ap mande. Mwen oblije voye 3 nan timoun mwen yo sendomeng pou al travay, mwen pa konnen kote yo ye si yo byen oubyen mal, se mizè k’ap fini ak nou peyizan Jean Rabèl.”

Mouvman Tèt Kole Ti Peyizan ane a pran kòm revandikasyon irigasyon. Yo mande leta Ayisyen pou itilize  Twa rivyè pou fè dlo rive nan laplèn Jean Rabel pou pwodiktè yo jwenn dlo pou pwodwi manje.

Twa rivyè se yon rivyè ki a plizyè dizèn kilomèt laplèn Jean Rabèl yon posiblite daprè peyizan yo pou kanalize dlo nan plenn Jean Rabèl.

Azèk Robert Levy ki soti nan katriyèn seksyon kominal Lamontay, Komin Jean Rabel  kritike Leta Ayiyen ki pa fè anyen pou ede kiltivatè yo, ki lage popilasyon nan men ONG.

“Se pa parese nou parese ki fè pa gen manje, se paske nou pa jwenn mwayen pou travay pou nou pwodwi, menmsi nou pa ka pwodwi nan mòn yo si Leta te ede nou jwen dlo nan plèn yo li tap ede nou.  Se ONG ki la k’ap ba nou manti k’ap pran pòz se yon bagay serye yo vin regle men se biznis pa yo y’ap regle.”

Politik leta Ayisyen pou ede popilasyon an nan nòdwès espesyalman Jean Rabel pa diferan de pwogram ONG yo, se distribisyon manje sa ki ap mete apse sou klou pi devan.

Move kondisyon anviwonman an gen gwo enpak sou pwokdisyon agrikòl la nan depatman nòdwès, pa egzanp moun yo ap plante nan anpil espas ki degrande akòz debwazman ki akouche deteryorasyon tè yo.

Travay nan sektè anviwonman an ka kreye anpil travay si se te yon vrè priyorite pou Leta Ayisyen ak anpil ONG ki di y’ap travay pou devlopman nòdwès.

Daprè Sidolin Pierre, manb kòdinasyon Depatmantal Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen lis revandikasyon an long men yo vle pasyan e pasifik.

“Kredi agrikòl, irigasyon, materyèl modèn, rebwazman yon gwo lis revandikasyon pou relanse agrikilti a, Peyizan yo montre yo pasyan e konprann sitiyasyon leta santral la ki pa ka fè tout bagay yo ansanm. Peyizan yo mande aksyon konkrè ki montre leta vle travay sou yon solisyon dirab. Peyizan yo ap kontinye mobilize pou jwenn sa yo bezwen paske se yon obligasyon pou peyizan jwenn mwayen pou travay sinon nou fenk kare nan mizè.”

Monday
Jul222013

Palmantè Ayisyen sipòte mouvman anti-masisi aprè 2 ka lanmò nan kominote masisi yo.

 By Bri Kouri Nouvèl Gaye

2 moun mouri pandan manifestasyon anti-masisi nan pòtoprens, daprè temwen ki  te sou plas se endividi manifestan yo akize ki se masisi epi bat yo jiskaske yo mouri.

 Krim sa a fèt aprè plizyè òganizasyon relijye lanse yon mouvman kont kominote masisi a an Ayiti, jiskaprezan poko gen okenn enfòmasyon ofisyèl bò kote otorite yo sou viktim yo e eske lajistis pral ouvè yon ankèt pou bay jistis ak viktim yo.

 Sitiyasyon kominote masisi a an Ayiti kòmanse konplike chak jou pi plis, kèk yon jou aprè gwo manifestasyon omofobik nan pòtoprens anpil otorite nan leta apiye demach omofobik yo.

 Prezidan chanm depite a Tolbert Alexis deklare “tout otan se li ki prezidan chanm depite pa gen okenn lwa pou defanm dwa masisi k’ap rantre andedan palman an.”

 Depite pòtoprens la Lochard Jeudy ale nan menm sans la pou di “li pare menm pou angaje nan batay fizik ak nenpòt kòlèg palmantè ki ta vini nan palman ak yon lwa pou defann dwa masisi ki ap sibi menas.”

Depite Leogane Danton Leger ale pi lwen, li di “fòk leta ta entèdi pratik masisi a nan peyi a”

 Manifestasyon anti masisi a te jwenn sipò ansyen komisè gouvènman pòtoprens la mèt Jean Renel Senatus ki manifestate tout sipò li ak mouvman anti masisi a nan peyi a.

 Jiskaprezan poko gen yon otorite nan leta ki anonse yo pral pran mezi pou pwoteje dwa masisi yo, ki riske  kontinye viktim pi plis nan jou kap vini.

Si nou konsidere anpil move mesaj vyolans manifestan kretyen yo te lanse kont  masisi e tout moun kap sipòte dwa masisi yo li posib pou sijè sa a kreye anpil viktim. http://youtu.be/Uq9wJONuR-4

 

 

Saturday
Apr062013

Tèt Kole Òganizasyon Popilè Yo Anonse Manifestasyon Kont Lavichè 11 Avril

TET KOLE OGANIZASYON POPILE YO                                                                                                          Pòtoprens, 3 Avril 2013

Konferans pou Laprès

Tèt Kole Oganizasyon Popilè yo te pran yon bon bout tan pou obsève byen sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal peyi a depi rive rejim kaletèt martelly-Lamothe la nan tèt peyi a, malgre Ayiti fenk sot ratifye Pak Entènasyonal ki konsakre dwa sa yo. Depi yon bon bout tan, Tèt Kole ap obsève pouvwa ekstrèm dwat sa a, ki pa menm gen kapasite pou respekte e fè respekte yon seri de valè demokratik de dwat tankou : 1) ki pa janm òganize eleksyon, 2) ki Kraze tout Enstitisyon repibliken yo, 3) K’ap pwoteje enterè gwo peyi enperyalis yo epi ranfòse pwojè boujwazi sansi k’ap souse san pèp la depi dikdantan, 4) k ap fè tout tantativ pou retounen ak ansyen rejim diktatoryal la. Nou konstate sitiyasyon mas pèp la nan katye popilè yo ak zòn defavorize yo ap deteryore chak jou, lavi a ap vin pi chè, grangou kaletèt la ap kokobe moun ki pi mal yo, paran yo pa ka peye lekòl timoun yo, chomaj la ap vale teren chak jou.

Click to read more ...

Friday
Apr052013

Viktim Kolera Yo Mande Jistis

Viktim kolera yo manifeste jounen 4 Avril la pou kontiny mande nasyonzini jistis ak reparasyon, mamifestan yo kondade ak tout fòs yo dezisyon nasyonzini pran pou pa aksepte plent yo te depoze kont misyon yo an Ayiti.
Manifestan yo anonse mobilizasyon san pran souf ak yon pwosesis legal ki enkli pote plent devan lajistis Ayisyen kont misyon nasyonzini an.
Manifestan yo ki te gen anpil pankat ak mesaj kont MINUSTAH e kont leta Ayisyen ki daprè yo ap kase fèy kouvri sa.